Haitian Christian Television  Network News - Articles - HCTV Network Religion - Nouvel relijyez nan lang kreyol
Login: Password:   Forgot Password? Sign Up!
Categories

Nouvel relijyez nan lang kreyol

Home » Articles » HCTV Network Religion

Author: Hubert Dalexis |  Published: 07/19/2010 09:45:06 |  Rating: 

Nouvel legliz yo an Kreyol.Tout kalite relijyon sou late.

Tout kalite relijyon sou late.

Nan peyi dayiti, Federasyon Pwotestant, responsab ministe de kil ak majistra Delma a relouvri ofisyelman dimanch pase a Legliz Batis de site apre 13 lane kote legliz la te sou sele apre yon konfli eritaj. Yon komite miltisektoryel fome pou jere kongregasyon an soti 3 al pou 6 mwa.

Yo te plizye santen fidel ak dlo nan je kite reyini dimanch 4 Jiye a nan premye sevis reyouveti legliz la nan Delma 18. Se nan yon konse chan louanj ak remesiman, lekti som sikonstansyel pou bay Bondye glwa sevis la te dewoule. Kwayan legliz la kite nan yon veritab kouto tire apre lanmo fondate legliz la paste Luc NERE, te mete yo dako pou te  oganize yon bel sevis remesiman kite chaje ak emosyon pou senye a.

Fidel legliz la endike, pot yo fwa sa a ap rete louvri pou jame. Sou vizaj yo, ou te ka li lajwa ak alegres daprezavwa yo retwouve yo ansanm apre 13 lane.

Selon prezidan Federasyon Pwotestant lan, paste Sylvain EXANTUS, Federasyon an an te toujou ap travay pou te jwenn yon bout nan konfli sila a. Paste a fe konnen se nan dat 17 mas 2010 pase a, apre gwo jefo kite fet ant Federasyon an, ministe lajistis, ministe de kil ak meri Delma, legliz la te jwen otorizasyon pou l rekomanse fonksyone.

Selon paste Exantus se Bondye ki chanje tan yo ak sikonstans yo sa ki te fe fidel yo bat bravo lakontantman. Fidel yo ta pral pi kontan le Paste Exantus endike : Federasyon an, responsab ministe de kil ak meri Delma kontan pou yo deklare reyouvetu Legliz Batis de Site. Pou te eksprime kontantman yo ak satisfaksyon yo, patisipan yo te kanpe epi aplodi dekalarasyon sa yo pandan 55 sekond. Nou pa nan rev anko, nou nan reyalite a menm, selon prezidan Federasyon Pwotestant lan.

Pandan 3 al pou 6 mwa, yon komite ki gen ladan l manb plizye lot legliz ap dirije kongregasyon an. Apre period sa a, yo pral remet jesyon legliz la nan men yon paste sou sipevizyon komite miltisektoryel la, selon paste Exantus. Paste sa  a  pral gen pou l okipe l de predikasyon levanjil, etid biblik epi kowodone travay diferant komisyon ki déjà mete an plas yo.

Poze l kesyon sou antant ki jwen ant pati ki te an konfli yo, paste a fe konnen tout bagay nan lod. Jodi a pep Bondye a ap adore. Legliz la pa eritaj oken moun, se legliz jezi kri. Nou tap site paste Sylvain Exantus.

1er Jwen 1997, 17 mas 2010, 13 lane disfonksyonman pou legliz sa a kite reprezante yon veritab moniman nan Delma 18. Retwouvay dimanch 4 jiye pase a ap rete grave nan memwa temwen yo ki pat ka anpeche dlo koule nan je yo. Fidel yo antouka pral travay pou yo ratrape tan ki pedi yo si gen tan.

Plizye pesonalite mond evanjelik la te prezan nan seremoni reyouvetu legliz la tankou, paste Chavannes Jeunes, direkte radyo limye a paste Varnel Jeune ak konseye konsey elektoral dekriye a,  paste Leonel Raphael.

Pandan l te pran legliz Efez kom yon egzanp vivan, paste Edner JEANTY, yon lot patisipan nan seremoni an,  egzote fidel legliz la pou yo ini yo yon mannye pou legliz batis de site a ka tounen vreman « le phare des citees ». Pandan l te baze l sou coupe du monde foot-ball la, paste Jeanty raple Jezi se abit la se sel li menm ki ka bay kout sifle final la.

Legliz sa a paste Luc NERE te fonde nan lane 1962, sete yon andwa kil refome ayisyen an ki te fe diferans non seleman nan fason l te konstwi men tou nan jan fidel yo te adore Bondye. Nan komansman lane 80 yo, legliz batis de site te genyen yon kil ebdomade kite difize chak dimanch sou radyo limye ak televizyon nasyonal epok Jean-Claude DUVALIER,  Baby Doc.

Komite sektoreyl ki nan tet legliz Batis de site a gen ladan l 18 manb kap travay sou sipevizyon Federasyon Pwotestant lan. Li gen ladan l yon reprezantan  Federasyon Pwotestant dayiti a, paste Sylvain Exantus li menm ; yon reprezantan konsil legliz evanjelik yo nan peyi dayiti, Jean Bildard Robert ; yon reprezantan konvansyon Batis Dayiti, Ludner Cardichon ; yon reprezantan Meri Delma, Gaël Jean ; yon reprezantan Lig paste yo nan Delma, Lusson Napoléon  ak yon reprezantan misyon sosyal legliz yo nan peyi dayiti, Clément Joseph.

Nap note, tout manm komite miltisektoryel ki nan direksyon legliz Batis de site a, yo tout se paste nan mwason an.

 Antouka legliz la relouvri se vre tout glwa pou Bondye nan syel  la ki te gide negosyate yo pandan 13 lane kriz sa a e ki rive abouti a bel desizyon sila a. Sepandan, li rete seten okenn  moun kite viv nan periyod 70-80 yo pap ka bliye yon vwa tankou vwa paste Luc NERE.

 « World of life institute », enstitu pawol de vie, se non yon lekol teyolojik ki inogire pandan wikenn pase a nan legliz « sur le Rocher » nan Tabarre.

Se paste Gerard Forges ak Reveran Steve SAINTUS ki retounen nan peyi dayiti pou egzese ministe l apre plis pase 20 lane li pase ap viv nan peyi eatazini, kap dirije lekol teyolojik sila a.

Paste Steve SAINTUS bat bravo pou we lekol la déjà genyen pou selman premye pwomosyon an,  80 etidyan ki enskri. Pou l montre Bondye ka sevi ak lekol sa a pou fe mevey, paste SAINTUS raple sa ki rapote  nan ti istwa ki fe konnen,  le John HARVARD te fonde nan komansman l,  Harvard University, lite selman komanse ak 9 etidyan.

Pandan yo pran kat pa distans ak fonksyonman legliz tradisyonel lan, « World of life institute » antan n fe anseyman labib lan yon lot fason kote yo pral inisye etidyan yo nan yon apwoch pratik teyoloji a ki fonde sou yon vizyon kristosantrik, selon paste SAINTUS, ki genyen yon doktora an teyoloji lite dekroche nan « Trinity Evangelical Divinity school », nan vil Chicago.

Bo kote pa li paste Georges FORGES ensiste sou nosyon sevis. “ menm jan ak jezi, tout sevite ak sevant Bondye yo dwe mete yo disponib pou bay lot moun sevis ki nan nesesite “.

Kou yo ki déjà demare nan lekol teyoloji sila a depi madi pase a ap etale sou yon periyod 3 lane.

Aktyalite entenasyonal

Chek Al-Azhar, Amed AL-TAYEB endike pandan semen lan rekonsilyasyon entepalestinyen lan se “ yon obligasyon relijyez “ pandan l fe konnen tout moun kap chache antrave rekonsilyasyon sa a se peche late yo ye.

“ rekonsilyasyon palestinyen lan se yon obligasyon relijyez ak yon devwa sakre. Nempot moun ki antrave l osnon ki retade l komet yon peche kapital”. Deklarasyon responsab enstitisyon islam sunit lan nan yon kominike ki pibliye nan ajans ofisyel ejipsyen Mena.

Gran Imam Al-Azhar mande palestinyen yo kelkeswa kote yo kolte pou pase konfli yo deye epi konprann sansibilite sitiyasyon danjrez sila a epi ran kont pou we li pa posib pou fe fas ak zak agresyon makonnen ak entranzijans izrayelyen yo nan kanpe sou divizyon ak konfli.

Chek la rale zorey mizilman yo pou fe yo konnen tou si yo antrave devwa relijye ak sakre rekonsilyasyon an se  pral yon gwo peche kote yo pral genyen  pou yo ran kont pou li devan Bondye nan jou jijman denye a.

Lide spirityel la pibliye kominike sa a sou baz moral daprezavwa li gen anpil enfluyans sou dirijan ak sitwayen yo an Palestine.

Nap raple Fata, mouvman ame prezidan otorite palestinyen lan Mahmoud ABBAS ak mouvmman islamis ame Hamas ap tire sou kod la yo chak nan bout pa yo  depi le gwoup ame a hamas pran pouvwa a nan band de gaza.

Prezidan konferans episkopal kolonbyen lan Ruben SALAZAR anonse lendi pase a legliz ap koopere ak lajistis nan kolonbi pou pini prêt pedofil yo epi responsab legliz yo mande tout victim zak abi sksyel prêt deregle yo, padon.

‘ Padon nou mande a enplike tou yon angajman bo kote nou pou n fe tout sa n kapab pou anpeche sitiyasyon sa a yo repete epi pou lajistis pini koupab yo san okenn konsiderasyon ‘. Nou tap site la a deklarasyon prezidan konferans episkopal kolonbyen lan Ruben ZALAZAR, ki di nou pap kase fey kouvri moun ki responsab zak malonet sa yo du tou, nap toujou dispose pou n koopere ak otorite jidisye yo pou ba yo sanksyon yo merite.

Mgr. an fe deklarasyon sa yo anvan louvetu nan Bogota, kolonbi yon rasanbleman evek yo ki pral gen pou objektif panche sou wol legliz nan peyi kolonbi apre 200 lane depi peyi sa a grandet maje, ki donk endepandan.

Pou pi piti nan kolonbi lajistis lague degidon deye 3 pret pou zak pedofili sou ti inosan nan legliz la pami yo pe William MAZO lapolis arête pandan semen lan nan kali, lokalite ki chita nan sidwes Bogota.

Nap raple 11 jwen pase a pandan l tap femen yon lane saserdotal boure ak eskandal an kaskad zak pedofil nan legliz katolik la, pap Benwa XVI pou la premye fwa te mande padon pou prêt malveyan yo.

Reveran Lan PAISLEY, figi istorik pwotestantism radikal lan an Irland du no, kalifye pandan semen lan kom pi gwo ere daprezavwa reponsab yon an wayom ini envite pap la kap defann yon ekip antekris, li vle pale de prêt deregle yo ki responsab dapre li, yon latriye zak abi seksyel  sou ti lezanj.

“ Mwen estime li pat dwe jwenn envitasyon pou vin nan peyi sa a”, deklarasyon reveran an nan yon entevyou li akode BBC pandan semen lan.

“ oken moun pa konnen ki zotobre ki kache deye envitasyon sila a. Le w poze yon minis kesyon, li di li pagen anyen pou l we a visit sa a. Ren la nap resevwa l an ter dekos men pa sou sol angle a.” Deklarasyon Reveran an a pwopo visit pontifikal la ki prevwa soti 16 pou bout 19 septanm kap vini la a.

Reveran Paisley kritike alafwa zak prêt pedofil y oak lante reyaksyon Vatikan pou denonse ajisman prêt malveyan yon an plizye peyi sou late pami yo, Irland.

Reveran an fe konnen, yon moun ki menm jan ak prêt sa yo ki detwi lavi yon latriye ti lezanj e ki answit pwone padon des peches, merite pou yo rele l pa pwop non l. Se konpotman antekris nan egzanp ak doktrin selon reveran Paisley ki fe konnen pagen diferans ant pap lan ak prêt sa yo.

Yon oganizasyon pwotestant mondyal ki reprezante 80 milyon kretyen prezante pandan semen lan eskiz li pou zak abitre legliz manb oganizasyon an te komet kont amerendyen premye nasyon y oak lot popilasyon otokton.

“ oganizasyon an di le nou gade istwa nou nou we l chaje ak egzanp trayizon tout bon vale levanjil la ki se lajistis, lekite ak lanmou pou pwochen le nou te vole te yo epi touye yo pa paket “. Yo fe deklarasyon sa a 26 jwen pase a nan yon reyinyon fondasyon kominyon mondyal legliz refome yo.

Rasanbleman sa a te organize soti 18 pou bout nan dat 28 jwen an nan Gran Rapid, eta Michigan sou teritwa tradisyonel popilasyon amerendyen yo.

Nan deklarasyon yo a, delegue yo di yo espere pa mwayen yon veritab repantans yap jwen kouraj pou yo repare relasyon brize yo epi pou yo repati sou nouvel baz rekonsilyasyon. Yo di yo repanti tou daprezavwa yo te manifeste yon arogans kiltirel, ekonomik ak teyolojik pandan yo te kwaze bra yo epi kite legliz pepetre tout kalte abi kont Amerendyen yo.

Legliz anglikan an anglete, ebranle ak yon latriye divizyon enten sou odinasyon fanm ak homoseksyel, yon fwa an plis ekate kandidati yon paste gason makome nan legliz la, selon sa lapres rapote. Jeffrey JHON te presanti pou l te vin nouvo evek dyosez londonyen Southwork lan kite sipote l tre seryezman, selon Times ak Daily telegraf.

Dwayen St Alban, Jeffrey JOHN, nan lane 2006 te kontrakte yon patenarya sivil ak yon lot prêt, pandan l te fe konnenn lap viv nan seliba, yon tem ki pou gason ak fanm nan legliz anglikan lan se sinonim chastete.

Reprezantan lel tradisyonalis lan te fe konnen vivopozisyon yo a yon evantuel nominasyon l.

Nou panse si yon nominasyon konsa fet, diskod kite genyen nan legliz anglikan lan sitou nan peyi etazini ka rive kote nou ye a, selon reveran Paul DAWSON pot pawol yon gwoup evanjelik

Viewed: 1045

Copyright © 2008 HCTV Network News - All rights reserved.